2-Rwayòm Bondye a / The Kingdom Of God / Sonel Berno
Jezi voye disip li yo preche yon rwayòm Ki pa lwen pou etabli Lè sa pa gen doulè, pap gen dlo nan je, ni krim ni vyolans; non, non! Pap genyen gwo lestomak, pap gen gwo ponyèt Se Seyè a ki pral sèl chef Lè sa ou menm kote wap ye ? (reflechi !) Kè A la yon si gran jou sa va ye ! Lè rwayòm Bondye a vini Nou pral viv pou tout tan nan la jwa nan paradi Sistèm mond sa ki la jodi a prale pase tankou lafimen Se nouvèl sa nou pote pou tout moun okouran (de la vérité !) Se vre legliz la byen chaje ak moun ki konn prye, ak moun ki konn preche, kap fè bèl adorasyon Se vre yo gen anpil talan, yo batize montan Men yo pa Janmen konvèti (elas!) Yape sèvi Bondye sou fòm Men se yon pakèt moun ki prale toumante nan dife a ki pral vini Èske ou pa youn ladan yo (reflechi!) Nou envite w vini pòt la prale fèmen Avan lamò, rive prese chanje lavi w frè mwen Ou bezwen diferan ak moun ki deyò a nan tout sa lape fè ; wi, wi ! Pòt rwayòm nan ouvri pou tout sa yo ki rich, pou tout sa yo ki pòv, pou tout granmoun, tout timoun prese kouri vini antre (vini non !) Jesus sends His disciples to preach a kingdom Whose establishment is at hand Where there is no pain, no cry, neither crime nor violence; no, no! There will be no athletes and strongmen Only the Lord will be chief At that time, where will you be? (Meditate upon this!) Chorus What an unprecedented day it will be! When the kingdom of God will take place We will live joyfully in paradise forever This world system will pass away like a flame of fire We bring this news to light to let everybody know the truth!
It’s true the churches are full with people Who really know how to pray, preach and worship They are smart and have baptized for years But alas they have never repented They are worshipping as a habit, But they are people who will be tormented in the hell Are you not one of them? (Meditate upon this!) We invite you to get in because the door will be closed Before your death, Brethren change your life at once You need to be different from unchristian people; yes, yes! The kingdom’s door is opened for rich, poor, adults and children Come at once to get in (come on!)